FASON OU KAPAB EDE
VOTE!
Nou bezwen w enskri pou w vote epi pou w chonje vote jedi 26 out 200. Ou kapab aprann ki jan pou w enskri si w ale la a sou sit wèb Biwo Eleksyon Miyamided la.
Vote bonè ant 11 out ak 24 out oswa vote pa korespondans si w pa kapab vote le 26 out. Pou w ka jwenn plis enfòmasyon, klike la a.
Òganize yon aktivite pou ranmase lajan pou kanpay n ap mennen pou otorize “Children’s Trust” la ankò:
Sijere yon okazyon pou nou voye yon moun vin pale pou “Children’s Trust” nan yon reyinyon òganizasyon w lan ap fè:
Gen lòt fason toujou pou w ede:
Fè n konnen si w kapab distribye dokiman kanpay la nan kominote ou.
Fè n konnen si w kapab mete yon ansèy nan lakou lakay ou oswa si w ka afiche l kote w ap travay la.
Ofri tèt ou kòm volontè pou ede n ankouraje moun al vote nan jou eleksyon an.
POU FINI – pale tout moun ou konnen de enpòtans sa genyen pou nou reyisi nan kanpay sa a pou otorize “Children’s Trust” la ankò. Di yo kouman vòt yo a enpòtan anpil pou byennèt timoun yo ak tout fanmi yo nan kominote nou an.
Si w vle ede nenpòt fason, tanpri fè nou konnen, voye yon imel ban nou nan info@childrenstrustcampaign.com oubyen voye yon lèt ban nou nan adrès sa a:
The Children’s Trust Campaign
2800 Ponce de Leon Blvd.
Suite # 1111
Coral Gables, FL 33134
Susan Vodicka
Campaign Manager
susan@childrenstrustcampaign.com
|