|
Men mesaj Dev Lòrenns (Dave Lawrence) Prezidan “The Children’s Trust” voye pou nou

26 out, “Children’s Trust” (Fon pou Timoun yo) pral parèt devan sitwayen Miyamided Konnti nan yon referandòm pou popilasyon an otorize l ankò. Si n rate okazyon sa a, sa ka pran anpil tan anvan nou ka eseye ankò. Sa ta yon move nouvèl pou timoun yo, move nouvèl pou kominote nou an.
An 2002, nou te vote pou “Children’s Trust”, epi nou te di elektè yo, yo kab gen yon lòt chans apre Fon an pase senk an ap travay, pou yo deside si yo vle l nèt (menm jan sa ye nan Brawòd, nan Panmbitch ak nan lòt konnti an Florid).
Men 2 done enpòtan: (1) “Children’s Trust” envesti 100 milyon dola oswa plis chak ane nan travay entèvansyon ak prevansyon pou timoun ki tou piti. (2) Pwogram sa a koute, moun kay yo pa vo anpil,$61.00 sèlman pa ane. Sa pa chè ditou. W ap jwenn yon rezime istwa “Children’s Trust” la a, ann angle, an panyòl epi an kreyòl.
Men kèk egzanp sou fason “Children’s Trust” pote chanjman: Ekip swen sante pou lekòl yo deja la sou plas nan 100 lekòl leta, gen 50 lòt k ap parèt nan mwa d out k ap vini an… gen plis pase 40.000 timoun ki nan bon kalite pwogram apre lekòl ak pwogram grann vakans… yon envestisman plizyè milyon dola nan yon sistèm gadri ki pi bon epi ki pi ankouraje timoun aprann… yon pi gwo angajman pou travay ak timoun ki gen bezwen espesyal… pwogram pou redui vyolans nan kominote nou an… ak anpil lòt ankò. Si w bezwen plis detay, ale sou www.thechildrenstrust.org.
Pou nou kab mennen yon kanpay ki reyisi, nou fòme yon komite aksyon politik epi nou kòmanse rasanble lajan. Nou sou wout pou nou kòmanse byen djanm. Men, mwen ta renmen di nou sa, wi, kantite lajan nou pral rasanble a ap anpil, men, se kon sa tou kantite kotizasyon yo pral anpil tou, nan tout nivo, yon bon valè moun ap ka bay. Se nan lide sa a mwen ekri w lèt sa a. Men ki jan ou kab Bay yon kotizasyon. Mèsi pou nenpòt sa ou ka bay.
Gen lòt fason tou ou kapab ede nan gwo kanpay sa a. Men ki jan Ou kapab ede. Nou gen yon bèl istwa pou nou rakonte, men se elektè yo ki gen dwa deside.
Mèsi poutèt ou enterese nan sa. Avni kominote nou an nan menm tout moun, epi nan men fanmi tout moun.
Mwen salye w ak tout kè m,
David Lawrence Jr.
Prezidan
"Children’s Trust”
|